Di Yo Ke Mwen Renmen Yo

Mwen kwè ke sa moun bezwen plis ke nenpòt bagay se yon revelasyon pèsonèl sou lanmou Bondye gen pou yo kòm moun. Mwen kwè ke konpreyansyon sa se yon fondasyon souki lavi viktoryez etan ke yon kretyen dwe kanpe. Nou pa bezwen “gwo konesans nan tet nou” konsènan lanmou Bondye; nou bezwen yon revelasyon sou lanmou Li nan kè nou. Se sèlman Sentespri a ki ka bay sa a, epi Li pral fè sa nan fason pou nou medite sou lanmou Bondye, obsève lanmou Bondye nan pwòp vi nou, epi chèche revelasyon sa atravè labib e atravè lapriyè.

Se trè fasil pou’w aksepte ke Bondye renmen lemond ase pou Li voye Jezi mouri pou peche chak moun. Men, li kapab yon tikras pi difisil pou’w kwè ke Bondye renmen’w telman, ke Li voye Jezi mouri pou ou menm e ou menm sèl si ou te sèl moun ki t’ap viv sou latè.

Telechaje
Di Yo Ke Mwen Renmen Yo
Facebook icon Twitter icon Instagram icon Pinterest icon Google+ icon YouTube icon LinkedIn icon Contact icon