GEN ESPWA Nan Moman Difisil Yo

Ou kapab ap fè fas ak yon trajedi san parèy, e ou pa wè ki kote ou pral pase pou’w soti ladan’l. Oubyen ou kapab ap soufri ak yon maladi e ou pagen okenn mwayen pou’w ale wè yon doktè. Mwen konnen anpil moun se chak jou y’ap chache pen kotidyen, pafwa yo pa menm konnen demen ki kote lamanjay la pa soti.

Lè nou ap travèse difikilte san parèy sa yo, nou konn dekouraje e vle abandone. Sepandan, yon sèl grenn bagay nou kapab fè se mete konfyans nou nan Bondye e rete ak anpil espwa. Men, kisa espwa ye vrèman ?

Espwa se espere ak konfyans ke yon bon bagay pral rive. Li relye ak lafwa nou epi ak sa nou kwè. Lè nou oze espere, li ranpli lavi nou ak lajwa epi lapè.

Enmi an vle pou nou sanzespwa. Li vle konvenk nou ke tout bagay pèdi e anyen p’ap tounen nan nòmal yo. Men Bondye vle pou nou plen espwa, kwè ak espere gwo bagay de Li. Anfèt, LaBib di ke Li se “Bondye ki bay espwa,” Li plen ak padon ak nouvo kòmansman (gade nan Rom 15:13).

Telechaje
Facebook icon Twitter icon Instagram icon Pinterest icon Google+ icon YouTube icon LinkedIn icon Contact icon